SOU NOU

Kizin Lokal Koule Lakay

Nan ¨tigoupanou¨ Nou Selebre Kalte Lariches nou genyen nan Kizin Tradisyonel Lokal Lakay ak Enpotans Kalte Manje Byo nan Lasante nou.

Misyon nou se Rekonekte nou ak Tradisyon Granparan nou yo epi fe Pwomosyon poou Byen Manje ak Byenet Sante Mantal nou k’ap kenbe pi fem.

Nou kwe chak Plat Manje se Lariches Late ak Lanati ban nou ki se yon Eksperyans Anrichisan, nan Byen Nouri Ko nou ak Lespri nou.

Amoni ant Tradisyon ak Lanati

Byenfe Nitrisyonel Engredyan yo

¨SANTE’W SE LARICHES OU, LARICHES OU SE SANTE’W¨

Nan Monn Nitritif Engredyan Lokal Nou yo, Nou pran Tan Chwazi Fwi ak Legim sa yo, pou Kalite ak Byenfe yo sou Lasante Nou.

Legim ak Fwi fre

Legim nou yo soti nan Loka Late Lakay, ki Rich an Vitamin ak Minewo epi Kontribye nan Bon Manje Sen Ekilibre nou yo.

Fwi Byo

Fwi Tropikal Lokal Lakay nou itilize yo non selman yo bon, yo gou, yo gen Save sikre pa yo epi yo gen de bon Sous Fib ak Antioksidan nan yo.

Pwa ak Lantiy

Ti Legim sa yo se Sous Pwoteyin Vejetal, Rich an fib, Fe, Vitamin group B ki bon pou yon Alimantasyon Nitritf Ekilibre

Fey TE

Fey Te nou yo ajoute yon Save espesyal nan Manje nou yo , epi yo yo genyen de Propriyete Benefik sou Lasante nou, tankou koze Antianflamasyon ak Digestif.

PRATIK IJYEN NESESE

Kenbe Kizin nou Pwop se Garanti Sekirite Alimante nou. Li Enpotan pou nou lave men nou Detanzantan, Netwaye ak Dezenfekte kote n’ap Sevi a epi Konseve Manje nou yo nan yon Espas ki Fet pou sa, nan yon BonTamperati pou Evite Kontaminasyon.

Sevi ak Veso Pwop epi Byen Separe Manje Kri ak sa ki Kwit yo, se yon Bon Pratik. Mwayen sa yo Pwotwje Lasante Konsomate yo, an menm tan Prezeve Kalite Engredyan nou Itilize yo.

Foto Nou yo

Engredyan Tropikal

 Nou itilize Engredyan ki fre, ki soti nan Te Lakay Nou, ki fet ak anpil Laswenyay , k’ap ban nou  bon tigou panou.

Anamoni ak Lanati

Chak Manje nou yo prepare etan nou Respekte Anviwonman an, nan Itilize Metod k’ap dire Anamoni ak Lanati.

Kizin Tradisyonel

Kizin nou jwenn Sous Enspirasyon li nan Reset Granparan nou yo, ki mete an Vale Save Inik Otantik Koule Lokal Tropical Lakay.