SOU NOU
Sou Nou
Yon istwa damou ki soti nan yon fanmi. Lide a fe wout ak nou li grandi nan nou. Jodia nou nan yon espas natirel k ap prezante nou Manje Lokal Lakay, byen Fre, ak ti Sekre Tradisyonel pou nou ka viv pi byen.
Bel Kizin Lokal Lakay mete ansanm, Nitrisyon ak Byenet pou nou manje byen trankil, bon ti pla ak bon ti Reset ki gen bon gou koule Lokal Lakay pou nou pi janm.
¨tigoupanou¨ mmm!!! li gou!
SEVIS NOU AK RIBRIK NOU YO
- Jwenn de Konsey Individyel apropriye ak ou, kap ede ou chanje fason w ap manje pou Byenet Lasante ou.
- Patisipe ak nou nan diferan Atelye nou yo kap aprann nou prepare ak Manje pi byen bon Manje Lokal Lakay .
- Dekouvri ak yon Varyete Pwogram kap gide ou, pou amelyore Byenet Fizik ak Sante Mantal ou, pou nou byen Ekilibre.
- Jwenn akse a kalte Ribrik, videyo pou Nouri Konesans nou sou Nitrisyon ak Lasante men nan men ak Lanati.
Lanati se chez nou chita pou nou kreye bel tablo ak pwodwi li ban nou, ki fet nan bon swen ak Lanmou.
ABONE AK NOU
Pezans ak Patisipasyon ou nan diferan Aktivite nou yo enpotan pou nou. Nou toujou Kontan Resevwa ou, Pataje ak ou bon moman nan bon lide pou ede ou viv pi byen nan Kou ak nan Lespri ou.
RETE KONEKTE AK NOU POU RIVE KONNEN AKTIVITE KE NAP OFRI OU POU FINISMAN SEZON SA.
Vandredi 12/09/ 2025 9:00am 12:00pm
Samdi 13/09/2025 9:00am 12:00pm
Prezantasyon diferan Legim ak Akompay. module Content settings. Pratik Atelye Kizin Tradisyonel, Pataj.
Prese rele pou gentan fe rezevasyson pa´w la. Wap bay Yon fre HTG7500.
Mesi deske ou chwazi mache ak nou.
BYENVINI NAN ´TIGOUPANOU¨ mmm!!!
mmm!!!
Mwen manje byen epi mwen respire ak domi pi byen.
tigoupanou mmm!!!
TEMOIGNAGES
Ribrik sou Nitrisyon Lasante Lanati se pati mwen pi renmen, sa edem nan pran swen espas mwen ak anviwonman mwen.
Mwen envite ou pase pran ti gou pa ou. mmm!!!
Pasyone Kizin Lokal Lakay
Se pi bel eksperyans mwen ak tigoupanou. Mwen manje ak pran swen tet mwen yon lot faso. Epi mwen manje pi byen. mmm!!!

